Números 15

HAT vs BKJ

Sair da comparação
1 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa:
1 E falou o ­SENHOR a Moisés, dizendo:
2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi mwen pral ban nou pou nou rete a,
2 Fala aos filhos de Israel e dize-lhes: Quando entrardes na terra das vossas habitações, que eu vos darei,
3 lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive,
3 e fizerdes ao ­SENHOR uma oferta queimada, ou sacrifício em cumprimento de um voto, ou em oferta voluntária, ou em vossas solenidades, para apresentardes ao ­SENHOR um cheiro suave de ovelhas ou rebanho;
4 wi, lè n'ap fè ofrann konsa pou Seyè a, n'a fè ofrann grenn ki donnen nan jaden pou mache ak yo tou: sèt ti mamit farin frans melanje avèk de boutèy ka plen lwil oliv.
4 então, aquele que oferecer a sua oferta ao ­SENHOR, por oferta de alimentos, oferecerá uma décima parte de farinha misturada com a quarta parte de um him de azeite.
5 Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.
5 E a quarta parte de um him de vinho, para a oferta de bebida com a oferta queimada, ou para o sacrifício de um cordeiro.
6 Lè se yon belye mouton n'ap ofri, se va katòz ti mamit farin frans melanje avèk twa boutèy ka plen lwil oliv n'a ofri pou ofrann grenn ki donnen nan jaden,
6 Para cada carneiro prepararás uma oferta de alimentos de duas décimas partes de farinha, misturada com a terça parte de um him de azeite.
7 ansanm ak twa boutèy ka diven. Ofrann sa yo, lè yo boule nan dife, y'a fè Seyè a plezi ak bon sant yo.
7 E para a oferta de bebida a terça parte de um him de vinho, em cheiro suave para o ­SENHOR.
8 Lè se yon jenn towo n'ap ofri pou yo boule nèt nan dife osinon pou yo touye pou Seyè a, kit se paske nou te fè yon ve, kit se pou di Bondye mèsi,
8 E, quando preparares o novilho para a oferta queimada ou sacrifício, para cumprir um voto, ou oferta pacífica ao ­SENHOR,
9 se pou nou pote yon ofrann grenn ki donnen nan jaden tou: venteyen ti mamit farin frans melanje ak senk ti boutèy ka lwil oliv.
9 então oferecerás com o novilho uma oferta de alimentos de três décimas de farinha, misturada com a metade de um him de azeite,
10 Lèfini, n'a ofri kat boutèy ka diven avèk li. Ofrann sa a, lè li boule nan dife, l'a fè Seyè a plezi ak bon sant li.
10 e deverás trazer como uma oferta de bebida metade de um him de vinho, oferta queimada em cheiro suave ao ­SENHOR.
11 Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri.
11 Assim será feito com cada boi, ou com cada carneiro, ou com cada um dos cordeiros ou cabritos.
12 Pou chak bèt n'ap ofri an plis, n'a ofri kantite grenn jaden ki pou mache ak l' a.
12 Segundo o número que oferecerdes, assim fareis com cada um, conforme o seu número.
13 Se konsa chak moun natif natal peyi Izrayèl la gen pou fè l' lè y'ap ofri yon bèt pou boule nèt pou Seyè a, yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li.
13 Todos os que nasceram da terra farão essas coisas dessa maneira, oferecendo oferta queimada em cheiro suave ao ­SENHOR.
14 Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, se pou l' swiv menm regleman ak nou.
14 E se um estrangeiro peregrinar convosco, ou se estiver no meio de vós, nas vossas gerações, e oferecer uma oferta queimada de cheiro suave ao ­SENHOR, como vós fizerdes, assim fará ele.
15 Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.
15 Um mesmo estatuto haverá para vós, da congregação, e também para o estrangeiro que peregrinar entre vós, um estatuto perpétuo nas vossas gerações; como vós sois, assim será o peregrino perante o ­SENHOR.
16 Se va yon sèl lwa, yon sèl regleman ni pou nou ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo.
16 Uma mesma lei e um mesmo hábito haverá para vós e para o estrangeiro que peregrinar convosco.
17 Apre sa Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
17 E o ­SENHOR falou a Moisés, dizendo:
18 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi kote mwen pral mennen nou an,
18 Fala aos filhos de Israel e dize-lhes: Quando entrardes na terra a que os levarei,
19 lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado.
19 então quando comerdes do pão da terra, fareis elevar uma oferta alçada ao ­SENHOR.
20 Chak lanne, apre rekòt la, n'a pran yon pen nan premye pen fèt ak ble nou fèk rekòlte a, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado, jan nou fè l' pou grenn ki pase sou glasi.
20 Oferecereis um bolo das primícias da vossa massa, em oferta alçada; como fareis a oferta alçada da eira, assim oferecereis.
21 Se pou nou toujou wete yon pen nan premye pen nou fè apre rekòt nou yo pou nou fè Seyè a kado. Se va yon lwa pou pitit ak pitit pitit nou yo, depi koulye a ak pou tout tan.
21 Das primícias das vossas massas dareis ao ­SENHOR oferta alçada nas vossas gerações.
22 Men, si san nou pa fè espre, nou pa swiv yonn nan lòd Seyè a te bay Moyiz yo,
22 E se errardes e não obedecerdes a todos estes mandamentos, que o ­SENHOR falou a Moisés,
23 lòd pou nou te toujou swiv de pitit an pitit depi jou li te voye Moyiz pale ak nou an, men sa pou yo fè:
23 tudo o que o ­SENHOR vos ordenou, pela mão de Moisés, desde o dia em que o ­SENHOR ordenou Moisés, e dali em diante, nas vossas gerações,
24 Si se tout pèp la ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa t' konnen sa l'ap fè a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la.
24 então, se alguma coisa for cometida por ignorância, sem o conhecimento da congregação, toda a congregação oferecerá um novilho para a oferta queimada em cheiro suave ao ­SENHOR, com a sua oferta de alimentos e oferta de bebida conforme a sua ordenança, e um bode para a oferta pelo pecado.
25 Prèt la va pote ofrann lan devan Bondye, l'a touye bèt yo ofri pou peche tout moun pèp Izrayèl yo te fè a, epi Bondye va padonnen sa yo te fè a, paske yo pa t' fè espre, epi yo te pote ofrann pou yo te boule nan dife pou Seyè a ansanm ak ofrann pou repare sa yo te fè ki mal devan Seyè a san yo pa t' fè espre a.
25 E o sacerdote fará expiação por toda a congregação dos filhos de Israel, e a transgressão lhes será perdoada; porque foi ignorância, e trarão a sua oferta, oferta queimada ao ­SENHOR, e a sua oferta pelo pecado perante o ­SENHOR, por causa da sua ignorância.
26 Se konsa Bondye va padonnen tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo, paske se yo tout ki te koupab nan sa yo te fè san yo pa konnen an.
26 E será perdoada toda a congregação dos filhos de Israel, e ao estrangeiro que peregrina no meio deles, vendo que todo o povo estava em ignorância.
27 Si se yon moun ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa fè espre, l'a gen pou l' ofri yon ti fenmèl kabrit ki poko gen ennan pou repare pou sa l' te fè a.
27 E se alguma alma pecar por ignorância, oferecerá uma cabra de um ano para a oferta pelo pecado.
28 Prèt la va pote ofrann lan devan Seyè a, l'a touye bèt yo ofri pou peche moun lan te fè san li pa t' fè espre a, epi Bondye va padonnen l' sa l' te fè a.
28 E o sacerdote fará expiação pela alma que pecar por ignorância, quando pecar por ignorância perante o ­SENHOR, fazendo expiação por ela, e ela será perdoada.
29 Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t' dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.
29 Tereis uma única lei para aquele que pecar por ignorância, tanto para o nascido entre os filhos de Israel como para o estrangeiro que peregrina entre eles.
30 Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
30 Mas a alma que fizer alguma coisa com presunção, quer seja nascido da terra ou um estrangeiro, o mesmo afronta ao ­SENHOR, e essa alma será cortada do meio do seu povo.
31 Paske li refize tande sa Seyè a te di a, li fè sa li konnen li pa t' dwe fè. Dapre lòd Seyè a, se pou yo touye l'. Epi se li menm sèl ki va reskonsab lanmò li.
31 Essa alma será totalmente destruída, porque desprezou a palavra do ­SENHOR e transgrediu o seu mandamento; e a sua iniquidade será sobre ela.
32 Yon jou, antan moun pèp Izrayèl yo te nan dezè a, yo bare yon nonm ki t'ap ranmase bwa jou repo a.
32 E, enquanto os filhos de Israel estavam no deserto, encontraram um homem que apanhava lenha no dia do shabat.
33 Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.
33 E aqueles que o encontraram apanhando lenha o trouxeram a Moisés e a Arão, e a toda a congregação.
34 Yo pran msye, yo mete moun veye l', paske yo pa t' fin konnen sa pou yo te fè avè l'.
34 E o puseram sob guarda; porque não estava declarado o que se devia fazer com ele.
35 Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Se pou nou touye nonm lan pou sa li fè a. Y'a mennen msye andeyò limit kan kote yo rete a, pou tout moun kalonnen l' kout wòch jouk li mouri.
35 E o ­SENHOR disse a Moisés: Certamente esse homem morrerá; toda a congregação o apedrejará fora do acampamento.
36 Se konsa tout moun yo fè msye soti andeyò limit kan an, epi yo kalonnen msye kout wòch jouk li mouri, jan Seyè a te ba yo lòd la.
36 E toda a congregação o levou para fora do acampamento, e o apedrejou, e ele morreu, como o ­SENHOR ordenara a Moisés.
37 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
37 E o ­SENHOR falou a Moisés, dizendo:
38 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou mete ponpon sou woulèt rad yo, se pou yo pase kòdon ble nan chak ponpon. Se pou nou toujou fè sa de pitit an pitit.
38 Fala aos filhos de Israel e dize-lhes que nas bordas das suas vestes façam franjas, pelas suas gerações; e nas franjas das bordas ponham uma faixa azul.
39 Chak fwa n'a wè ponpon sa yo, sa va fè nou chonje tou sa Seyè a te ban nou lòd fè pou nou ka fè yo. Konsa, nou p'ap pèdi tèt nou, nou p'ap vire do ban mwen pou nou swiv pwòp lide pa nou ak pwòp dezi pa nou.
39 E nas franjas essa faixa estará, para que o vejais, e vos lembreis de todos os mandamentos do ­SENHOR, e os cumprais; e não seguireis após o vosso coração, nem após os vossos olhos, após os quais andais adulterando.
40 Ponpon yo va fè nou chonje tout lòd mwen te ban nou pou nou ka swiv yo, pou nou ka viv apa nèt pou mwen menm ki Bondye nou an.
40 Para que vos lembreis de todos os meus mandamentos, e os cumprais, e sejais santos ao vosso Deus.
41 Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip la pou m' te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
41 Eu sou o ­SENHOR, vosso Deus, que vos tirei da terra do Egito, para ser vosso Deus; eu sou o ­SENHOR, vosso Deus.

Ler em outra tradução

Comparar com outra